Dènye mizajou: 13 out 2026
Règ Pwogram Affiliate
Règ sa yo eksplike kondisyon pilot affiliate The Haitian Tax Academy ak Proselink LLC la. Voye yon aplikasyon pa vle di aplikasyon an apwouve oswa yon komisyon garanti.
1. Elijibilite ak apwobasyon
Affiliate la dwe gen omwen 18 an, bay enfòmasyon ki kòrèk epi resevwa apwobasyon alekri. Proselink LLC ka apwouve, refize, sispann oswa fèmen yon kont affiliate pou pwoteje biznis la ak kominote a.
2. Komisyon klas la
To pilot klas $500 la se 20%, sa vle di $100 sou yon lavant ki kalifye. Komisyon an baze sou montan nèt kliyan an peye apre rabè, refund, chargeback oswa lòt ajisteman. Kondisyon kanpay software a ap anonse separeman.
3. Atribisyon ak tracking
Nou prevwa yon fenèt tracking 30 jou ak yon modèl last-click. Tracking la ap kòmanse sèlman apre zouti affiliate la aktive. Jiskaske sa fèt, kòd rezève yo pa kreye dwa otomatik sou yon komisyon.
4. Peman
Komisyon valide yo ap peye nòmalman yon fwa pa mwa apre yon peryòd verifikasyon omwen 30 jou. Minimum payout la se $50. Proselink ka mande W-9 ak enfòmasyon payout atravè yon metòd sekirize anvan li voye lajan.
5. Refund ak chargeback
Pa gen komisyon sou tranzaksyon ki ranbouse, anile, fwod oswa ki gen chargeback. Si yon komisyon te deja peye sou yon tranzaksyon konsa, kantite a ka retire nan yon pwochen payout.
6. Sa ki entèdi
- Self-referral oswa acha atravè pwòp lyen affiliate la;
- Fo kont, spam oswa enfòmasyon twonpe;
- Pwomès revni, kliyan, refund oswa rezilta garanti;
- Paid ads sou non The Haitian Tax Academy, Proselink oswa lòt non mak nou san pèmisyon alekri;
- Chanje logo, pri, kondisyon oswa mesaj ofisyèl pou twonpe piblik la;
- Resevwa komisyon pou rekrite lòt affiliate.
7. Divilgasyon relasyon an
Affiliate la dwe di klèman li kapab resevwa yon komisyon si yon moun achte atravè lyen li. Divilgasyon an dwe fasil pou wè nan mesaj, videyo, live oswa piblikasyon an.
8. Relasyon endepandan
Affiliate la pa yon anplwaye, ajan oswa patnè legal Proselink LLC. Li responsab pou pwòp taks li, dokiman li ak fason li fè pwomosyon an selon lalwa.
9. Chanjman nan pwogram nan
Proselink LLC ka modifye to, fenèt tracking, kondisyon payout oswa lòt règ pou pwochen tranzaksyon yo. Nou pral bay avi lè yon chanjman enpòtan fèt.
10. Kontakte nou
Kesyon sou pwogram nan: contact@haitiantaxacademy.com oswa 302-687-9015.
Dokiman sa a prezante règ operasyonèl pilot la. Proselink LLC ka ranplase li ak yon Affiliate Agreement final anvan premye payout la.
Retounen nan aplikasyon an