Yon tax business solid bezwen konesans taks, bon sistèm ak konfyans kliyan. Kòmanse ak compliance ak quality control anvan ou depanse anpil lajan nan maketing.
Defini sèvis ou
Deside ki kalite returns ou pare pou pran epi ki sitiyasyon ou pral refere bay yon preparer ki gen plis eksperyans. Pa pran yon case ou pa konprann sèlman pou pa pèdi kliyan an.
- Individual returns
- Self-employment ak Schedule C
- State returns
- Amended returns
- Sèvis apre filing
Kreye workflow ou
Ekri etap kliyan an pral swiv depi premye kontak la rive nan livrezon final la. Itilize checklist pou diminye erè epi mete yon quality review anvan siyati.
- Intake ak identity verification
- Document collection
- Preparation ak open items
- Independent review
- Signature, e-file ak confirmation
Bati konfyans san fo pwomès
Maketing ou dwe esplike sèvis ou klèman san garanti refund, revni oswa rezilta. Mande reviews reyèl, pibliye kontni edikatif epi kenbe menm non ak enfòmasyon biznis sou tout platfòm.
Prepare sekirite a
Kontwole aksè, itilize strong passwords ak MFA, pwoteje aparèy yo epi prepare yon written security plan ki adapte ak operasyon ou.
Aprann règ la. Konprann lojik la. Pratike aplikasyon an.
Tax Education Center nou an mete terminoloji anglè yo ansanm ak eksplikasyon an Kreyòl pou ede kominote a pran pi bon desizyon epi prepare returns avèk plis konfidans.
Dekouvri fòmasyon Akademi an →