Ou poko janm ouvri yon lojisyèl taks? Sa pa vle di ou anreta. Nan The Haitian Tax Academy, nou montre w sa w ap gade a an kreyòl, epi nou sèvi ak egzanp pou w wè kijan dokiman yo antre nan yon deklarasyon.
Premye etap la se li dokiman an
Ann pran yon dosye pratik. Lina gen yon W-2. Anvan nou klike nenpòt kote, nou chèche non anplwayè a, nou idantifye salè a epi nou chèche konbyen taks federal yo te kenbe. Egzèsis la gen enfòmasyon fiktif. Se la pou w fè erè, korije yo epi konprann sa k te pase a.
Antre chif yo, epi gade kote yo ale
Nan demonstrasyon an, nou montre w ki kote pou mete W-2 a nan lojisyèl an. Si de montan diferan parèt nan bwat salè a ak bwat taks federal yo te kenbe a, nou pa jis kopye yo. Nou gade kisa chak montan vle di, epi nou tounen sou dokiman an pou n verifye si n mete yo nan bon plas.
Lè w reprann menm egzèsis la poukont ou, poze tèt ou kesyon sa a. Si m fèmen videyo a kounye a, èske m ka esplike poukisa m mete chak chif kote m mete l la? Se la ou wè si w konprann oswa si w t ap sèlman suiv klik yo.
Sa nou mete a dispozisyon w
Fòmasyon an gen demonstrasyon pratik, eksplikasyon an kreyòl ak lojisyèl ki enkli. N ap kenbe non chan yo an anglè lè sa itil, pou lè w wè yo sou ekran an ou ka rekonèt yo. Si se premye fwa w ap aprann taks, gade pwogram akademi an epi wè ki lòt kalite dosye w ap gen pou w pratike.
Aprann règ la. Konprann lojik la. Pratike aplikasyon an.
Tax Education Center nou an mete terminoloji anglè yo ansanm ak eksplikasyon an Kreyòl pou ede kominote a pran pi bon desizyon epi prepare returns avèk plis konfidans.
Dekouvri fòmasyon Akademi an →